
Mozaïk Lifestyle Medicine se yon klinik medsin familyal nan Smyrna, Georgia, epi sèvi tout zòn Greater Atlanta a. Nou pa pran asirans nan klinik la, tout swen se sou yon plan abònman pa mwa.
Nou pa trete timoun, pasyan nou gen minimòm 18 an daj. Nou trete pasyan ki pale Anglè, Fransè oubyen Kreyòl.

Kijan Mozaïk Fonksyone?
Klinik nou diferan paske nou entansyonèl nan pran swen chak pasyan. Nou vle yo santi yo byen e jwenn bon jan akonpanyeman.
Nou ofri kalite swen kote pasyan nou yo pran abònman ak klinik nou san yo pa bezwen genyen asirans medikal.
Plan abònman nou kòmanse ak yon minimòm 6 mwa; si yon moun kòmanse epi li deside sispann abònman an anvan peryòd la fini, l ap responsab pou peye rès 6 mwa yo kan menm.
Nou pa pran asirans pou sèvis nou yo, men si pasyan an gen asirans, li ka itilize li pou tès nan laboratwa, konsiltasyon ak espesyalis, preskripsyon medikaman, elatriye.
Kisa Plan Abònman an Gen Ladann?
Swen Konplè pou Maladi Kwonik
✓ Pwoblèm tansyon, dyabèt, pwoblèm tiwoyid, rezistans ensilin
✓ Anksyete, depresyon, pwoblèm dòmi
✓ Pwoblèm lestomak, fatig kwonik, doulè nan jwenti
✓ Sentòm perimenopoz, jesyon pwa pandan n ap respekte kilti w
✓ Prevansyon pou maladi ki soti nan fanmi w
Prevansyon Kote nou Gade Kòz Pwobèm Sante yo
✓ Egzamen fizik chak ane + plan byennèt pèsonalize
✓ 1 bilan konplè chak ane (metabolik, kolestewòl, analiz san, tiwoyid, vitamin D)
✓ Konsèy nitrisyon ki respekte manje ak koutim peyi w ak kilti w
✓ Plan mouvman ak espò ki adapte ak stil lavi w
✓ Sipò nan kesyon dòmi, jesyon estrès, ak mantal ou
✓ Gid pou depistaj kansè
✓ Entèvansyon prekòs kont faktè risk maladi kwonik yo
Sipò Swen Prensipal Kontinyèl
✓ Premye konsiltasyon (60 minit) pou konprann istwa, risk, ak objektif ou
✓ Konsiltasyon regilye chak 3 mwa (anliy oswa nan klinik nou Smyrna, Georgia, pou 30–45 minit)
✓ Jiska 2 konsiltasyon adisyonèl chak 3 mwa (30 minit chak)
✓ Mesaj dirèk sekirize ak Dr. Lindsey (jiska 2 pa semèn)
✓ Kowòdinasyon referans lè ou bezwen espesyalis oswa egzamen imaj
✓ Èd pou konprann rezilta laboratwa oswa sipleman
✓ Edikasyon sante ki ale ak woutin chak jou w


Si ou gen kesyon oswa ou bezwen plis enfòmasyon, voye nou yon mesaj tèks nan 678-892-7232
ou byen voye yon email nan contact@yourmozaik.care
ADRÈS
-
3650 Highlands Parkway SE
Smyrna, GA


_JPG.jpg)